Constitution de la république d'HaïtiKonstitisyon Repiblik d'Ayitide 1987 |
Remarque:La traduction de ce texte en créole est de M. Pòl Dejan, 1996, Éditions Libète, Imprimerie Deschamps, Port-au-Prince. On comprendra que cette version n'est pas un texte officiel. Il n'en existe tout simplement pas. Nous ne présentons ici que les articles 1 à 52. On pourra trouver le texte complet de la Constitution en créole à l'adresse suivante:
http://www.combithaitien.com/index2.html.
Version en créole | Version en français |
PATI 1 CHAPIT 1 REPIBLIK D AYITI Nimewo 1: Peyi d Ayiti, se yon repliblik. Yo pa kapab separe tè peyi d Ayiti ak okenn lòt peyi. Peyi d Ayiti sèl mèt lakay li. Li endepandan. Sitwayen l yo egal ego. Yo fèt pou yo viv lib, nan tèt ansanm, san youn pa kraze lòt san oyun pa fè lòt abi. Nimewo 1-1: Se vil Pòtoprens, ki kapital peyi d Ayiti. Se la, gouvènman peyi a chita. Men, si gen ka sikonstans, yo kapab tabli l yon lòt kote. Nimewo 2: Koulè drapo peyi d Ayiti, se ble e wouj. Nimewo 3: Men ki jan drapo peyi d Ayiti dwe fèt: Drapo a fèt ak 2 moso twal, menm longè, menm lajè. Moso twal ble a, anwo. Moso twal wouj la, anba. Tou le 2 moso twal yo kouche. Nan mitan drapo a, sou yon ti moso twal blan, yon moso twal kare, y a fè desen yon pye palmis, ak yon bonèt wouj sou tèt pye palmis la. Anba fèy palmis la, y a fè desen kèk zam ak kèk enstriman mizik. Men sa y a ekri, anba, sou ti moso twal blan an: MEN ANPIL, CHAY PA LOU. Nimewo 4: Si yo kapab tanpe yon peyi, men ak ki pawòl yo ta dwe tanpe peyi d Ayiti, pou rekonèt li tout kote: Tout Ayisyen lib. Tout Ayisyen egal ego. Tout Ayisyen se frè ak sè. Nimewo 4-1 Chante ofisyèl peyi a, im nasyonal li, se Ladesalinyèn. Nimewo 5: Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti. Nimewo 6: Lajan ki sèvi ann ayiti, se goud. Goud la divize an santim. Nimewo 7: Okenn chèf, nan peyi a, pa janm gen dwa pran pòz Bondye l, pou yo ajenou devan l. Ni yo pa gen dwa mete non, oubyen pòtre okenn moun ki vivan toujou, sou okenn lajan, sou okenn tenm pou lapòs, sou okenn papye Leta, sou okenn biwo Leta, sou okenn batisman Leta. Ni yo pa gen dwa bay okenn ri poute non moun ki vivan toujou. Nimewo 7-1: Ata pou moun ki mouri, se sèl lachanm ki gen dwa bay pèmisyon sèvi ak pòtre yo. CHAPIT 2 TÈ PEYI D AYITI Nimewo 8: Men ki tè ki pou peyi d Ayti e ki fòme Repiblik d Ayiti: Tout pati il d Ayiti ki a Lwès fwontyè a, ansanm ak tout ti il ak tout zile ki tout pre pati sa a, kidonk: Lagonav Latòti, Lilavach, Gwo Kayimit, Ti Kayimit, Lanavaz, Gwòskay, ak tout lòt zile yo jwenn nan lanmè ki pou peyi d Ayiti Tè peyi d Ayiti fini sou fwontyè Dominikani, kote solèy leve. Nan Nò, tè peyi rive jis nan Oseyan Atlantik,. Nan Sid ak nan Lwès, li rive jis nan lanmè yo rele: lanmè Karayib. Se peyi d Ayiti tou sèl ki gen dwa lontwole tut dlo lanmè ki nan zòn tè ki pou peyi d Ayiti. Se peyi d Ayiti tou sèl ki gen dwa kontwole bout syèl anlè tè ki pou li, ak bout syèl anlè lamè ki pou li. Nimewo 8-1: Okenn lòt peyi pa gen dwa rantre lib, kote ki pou peyi d Ayiti. Yo pa gen dwa vann okenn peyi etranje, pa yon ti moso tè peyi d Ayiti. Ni yo pa gen dwa fè, okenn peyi etranje, kado pi piti moso nan tè peyi d Ayiti. Tout papye, tout kontra, tout deklarasyon, tout regleman ki ta fè sa, pa vo anyen. Nimewo 9: Peyi d Ayiti divize an depatman. Depatman divize ann awondisman. Awondisman divize an komin. Komin divize an katye ak an seksyon kominal. Nimewo 9-1: Se lalwa ki va di konben depatman, konben awondisman, konben komin, konben katye ak seksyon kominal, ki va nesesè pou peyi a mache kòrèk. PATI 2 SOU SA KI FÈ YON MOUN SE AYISYEN Nimewo 10: Se lalwa ki deside ki sa ki fè, yon moun se Ayisiyen. Nimewo 11: Depi papa yon moun oubyen manman l, te fèt Ayisyen, moun sa a fèt Ayisyen tou, dèske papa a ak manman an pa te janm mande pou yo pa ayisyen ankò, lè moun sa a te fèt. Nimewo 12: Yon etranje, kapab vin Ayisyen. Men nan ki kondisyon: Nimewo 12-1: Yon etranje, ki pase senk (5) ane, youn dèyè lòt, nan peyi d Ayiti, kapab vin Ayisyen, selon regleman ak lwa peyi a. Nimewo 12-2: Yon moun ki vin Ayisyen, san li pa te fèt Ayisyen, gen dwa vote. Men gen kèk plas Leta, Konstitisyon an ak lwa peyi a, mete la, pou Ayisyen natif natal sèlman. Pou lòt plas yo, Ayisyen ki pa te fèt Ayisyen, va tann senk (5) ane, apre yo vin ayisyen, pou yo kapab nonmen yo ladan, oubyen al nan eleksyon pou sa. Nimewo 13: Yon moun vin pa Ayisyen ankò: 1) Lè li vin sitwayen yon lòt peyi, aletranje. 2) Lè li nan yon plas ki mande l fè yon travay politik pou yon gouvènman etranje. 3) Lè li rete twa (3) ane youn dèyè lot, aletranje, si li pa te fèt Ayisyen, sòf si li jwenn bon jan pèmisyon pou sa, nan men otorite ki gen dwa bay pèmisyon sa a. Si yon moun ki pa te fèt Ayisyen, vin pa Ayisyen ankò, nan kondisyon sa a, li pap janm ka toumen Ayisyen ankò. Nimewo 14: Yon Ayisyen, ki te vin pa Ayisyen ankò, kapab tounen Aiysyen, depi li fè tou sa lalwa mande yon etranje ki vle vin Ayisyen. Nimewo 15: Yon Ayisyen pa janm kapab vin sitwayen yon lòt peyi epi pou l ta rete sitwayen Ayisyen, an menm tan. |
TITRE I CHAPITRE I DE LA RÉPUBLIQUE D'HAÏTI Article 1: Article 1.1: Article 2: Article 3: Article 4: Article 4.1: Article 5: Article 6: Article 7: Article 7.1: CHAPITRE II DU TERRITOIRE DE LA RÉPUBLIQUE D'HAÏTI Article 8: Article 8.1: Article 9: Article 9.1:
TITRE II DE LA NATIONALITÉ HAÏTIENNE Article 10: Article 11: Article 12: Article12.1: Article12.2: Article 13: Article 14: Article 15: |
PATI III KI DWA LI GENYEN. KI SA LI DWE FÈ CHAPIT 1 KI SA YON SITWAYEN YE Nimewo 16: Yon sitwayen se yon moun ki gen tout dwa sivil li (*2, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a), ansanm ak tout dwa politik li (*2, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a). Nimewo 16-1: Se lalwa ki deside, ki lè yon moun kapab sèvi ak dwa sa yo. Ki lè li pa gen dwa sèvi avèk yo, pandan kèk tan. Ki lè li pèdi yo nèt. Nimewo 16-2: Yon moun majè, depi li gen dizuit (18) an. Nimewo 17: Tout Aisyen, fi kòm gason, moun marye ak moun ki pa marye, kapab sèvi ak dwa sivil yo oubyen dwa politik yo (*2, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a), depi yo deja gen dizuit (18) an, e depi yo suiv tout kondisyon ki nan Konstitisyon an ak nan lwa peyi a pou sa. Nimewo 18: Tout Ayisyen egal ego devan lalwa, anwetan sèten avantaj Ayisyen natif natal yo genyen, depi yo pa te janm pa Ayisyen ankò. CHAPIT 2 PRENSIPAL DWA TOUT MOUN GENYEN PARAGRAF 1 TOUT MOUN GEN DWA VIV TOUT MOUN GEN DWA VIV AN SANTE Nimewo 19: Leta dwe degaje l, tout jan, tout mannyè, pou tout Ayisyen, fi kòm gason, timoun kou granmoun, jwenn lavi, lasante ak respè tout moun gen dwa jwenn, lavi, lasante ak respè tout moun gen dwa jwenn, jan sa pale nan Deklarasyon sou dwa tout kretyen vivan. Nimewo 20: Jij pap kondane pèsonn moun a mò, pou okenn kòz. Nimewo 21: Men ki lè yon Ayisyen fè krim trayi peyi l: 1) Lè li rantre nan lame yon peyi etranje k ap goumen
kont Repliblik d Ayiti. Nimewo 21-1: Lè yon Ayisyen fè krim trayi peyi li, yo dwe kondane l pou travay a vi pou Leta, nan travo fòse, san yo pa janm gen dwa fè l gras. Nimewo 22: Men ki dwa Leta rekonèt tout sitwayen Ayisyen genyen toujou: Dwa pou yo jwenn bon kay pou yo rete. Dwa pou yo jwenn bon mwayen pou yo fè elevasyon timoun e pou yo ogmante konesans granmoun. Dwa pou yo jwenn dekwa pou yo kab byen manje. Dwa pou moun ki nan bezwen jwenn èd nan men Leta. Nimewo 23: Leta va degaje l tout jan tout mannyè pou tout sitwayen, nan tout zòn peyi a, rive jwenn tout sa ki nesesè, pou yo pa vin malad ak tou sa ki nesesè pou yo refè, si yo vin malad. Se pou sa, Leta dwe mete lopital, sant sante ak dispansè, tout kote nan peyi a. PARAGRAF 2 CHAK MOUN GEN DWA LIB Nimewo 24: Leta anchaje pwoteje libète chak moun. Nimewo 24-1: Yo pa gen dwa ni al dèyè yon moun, ni arete l, ni mete l nan prizon, san se pa pou yon rezon lalwa prevwa, ak jan lalwa di sa dwe fèt. Nimewo 24-2: Yo pa gen dwa arete pèsonn ni yo pa gen dwa fèmen pèsonn moun nan prizon san se pa ak manda yon otorite ekri, selon pouvwa lalwa ba li, sòf si yo ta bare moun nan, nan men. Nimewo 24-3: Men sa ki nesesè, pou yo gen dwa sèvi ak manda sa a: a) Rezon ki fè yo arete yon moun, oubyen rezon ki fè
yo fèmen yon moun nan prizon, se pou manda a esplike sa klè, ni an
kreyòl, ni an franse. Manda a dwe deklare a dwe deklare tou, ki sa
lalwa di sou jan yo dwe pini zak yo repwoche moun nan. Nimewo 25: Yo pa gen dwa fè fòs ak youn moun yo vin pran oubyen yo vle kenbe nan prizon, san pa gen nesesite pou sa. Yo pa gen dwa fè yon moun menas, ni yo pa gen dwa maltrete 1, pou fè l pale. Nimewo 25-1: Yo pa gen dwa entewoje okenn moun san se pa an prezans avoka l oubyen an prezans yon temwen moun nan chwazi. Nimewo 26: Lè yo arete yon moun, yo pa gen dwa kenbe l nan prizon plis pase karantuit (48) è d tan depli yo te arete l la, san yo pa mennen l devan yon jij la va deklare si yo te arete moun nan legal, e li va bay bon rezon ki fè li deside, se pou yo kenbe moun nan. Nimewo 26-1: Si se pou yon kontravansyon, yo va mennen moun yo akize a devan yon jij de pè, ki va fè yon desizyon yo pa ka chanje. Si se pou yon fòt oubyen yon krim, moun yo akize a pa bezwen okenn pèmisyon, pou li mande jijman, devan dwayen yon tribinal ki la pou sa. Yo rele tribinal sa a: tribinal pou premye jijman. Se dwayen tribinal sa a, ki gen dwa fè yon desizyon espesyal, tousuit,san li pa chita sou okenn lòt kòz. Selon komisè gouvènman va fè dwayen tribinal la konnen, se san dwayen an pa pèdi tan, li va deklare, si daprè lalwa, yo te gen dwa arete moun nan, e si yo gen dwa kenbel nan prizon. Nimewo 26-2: Si yo twouve, yo pa te arete moun nan legal, jij la dwe pase lòd lage l tousuit. Yo dwe obeyi deszyon jij la san yo pa pèdi tan, menm si yo te mande pou kòz la ale ann apèl, devan tribinal kasasyon, oubyen pou yo pa obeyi jijman an. Nimewo 27: Dezobeyi lwa ki pwoteje libète chak moun, se zak gwo pounyèt. Moun yo fè abi sa yo, gen dwa al nan tribinal ki la pou sa, san yo pa mande okenn pèmisyon. Yo gen dwa mande pinisyon pou tout moun ki fè zak gwo pounyèt sa yo, ansanm ak moun ki te ede yo fè zak sa yo. Yo te mèt sa yo te ye. Yo te mèt nan gwo plas Leta. Nimewo 27-1: Dapre sa ki nan lwa yo rele lwa penal, lwa sivil, lwa administratif, moun ki nan plas Leta ak moun ki anplwaye Leta, gen pwòp reskonsabilite pa yo, lè gen de zak ki fèt kont dwa moun. Nan ka sa yo, Leta gen reskonsabilite pa l tou. Yo rele sa: reskonsabilite sivil. PARAGRAF 3 MOUN GEN DWA PALE LIB Nimewo 28: Tout Ayisyen gen dwa di sa yo panse, lib, jan yo pito. Nimewo 28-1: Jounalis fèt pou yo fè travay yo lib, selon lalwa. Nan travay jounalis yo, yo pa gen okenn pèmisyon pou yo mande, ni Leta pa gen dwa kontwole sa y ap di, sòf si lagè deklare, nan peyei a. Nimewo 28-2: Yo pa gen dwa fòse yon jounalis pale ki kote li jwenn anfòmasyon. Men jounalis la fèt pou li kontwole si enfòmasyon l yo korèk, si se laverite, Li fèt pou l respekte regleman metye jounalil li. Nimewo 28-3: Se kòd penal ki okipe tout fòt ak tout abi ki kab fèt nan afè ekri oubyen pale lib. Nimewo 29: Moun gen dwa fè otorite demann pou kichòy yo panse ki merite fèt. Demann sa yo gen dwa fèt o non yon sitwayen oubyen o non plizyè sitwayen, men yo pa gen dwa fèt o non yon gwoup. Nimewo 29-1: Depi se lachanm yo fè yon demann kon sa, se pou yo suiv tout regleman ki va pèmèt lachanm fè desizyon sou sa. PARAGRAF 4 MOUN GEN DWA SUIV KWAYANS YO AK RELIJYON YO, LIB Nimewo 30: Tout relijyon ak tout kwayans lib. Chak moun lib suiv relijyon pa yo, ak kwayans pa yo, depi sa yo fè a, pa kontrarye dwa okenn mounm ni dwa okenn gwoup moun nan peyi a. Nimewo 30-1: Yo pa gen dwa fòse pèsonn moun rantre nan okenn asosiyasyon, ni yo pa gen dwa fòse yo moun etidye kwayans ki pa ale al kwanyans pa li. Nimewo 30-2: Se lalwa ki va di nan ki kondisyon sèvis ak seremoni gen dwa fèt nan peyi a, selon relijyon ak selon kwayans chak moun. Paragraf 5 Moun gen dwa reyini lib. Moun lib fè assosiyasyon yo vle Nimewo 31: Moun gen dwa reyini lib depi zam pa ladan. Moun lib fè asosiyasyon yo vle, pou tout kòz. Ni pou politik. Ni sou koze lajan. Ni la vi peyi a. Ni sou richès ki nan sèvo ak nan lide pèp la. Ni pou tout lòt mouvman ki dèyè la pè. Nimewo 31-1: Pati politik ak gwoup politik kapab pèmèt wè volonte pèp la pi klè. Yo gen dwa fèt, lib. Yo gen dwa travay lib. Yo dwe dakò, ni ak tout prensip demokrasi, ni ak tout prensip ki fè, peyi d Ayiti, se yon peyi ki mèt tèt li. Se lalwa ki va di, ni nan ki kondisyon pou yon pati oubyen yon gwoup politik fèt e pou li mache, ni ki avantaj li kapab jwenn ak ki avantaj li dwe jwenn nan men Leta. Nimewo 32-2: Anvan pou yon reyinyon fèt nan lari oubyen nan wout ki sou kont Leta, se pou yo avèti lapolis depi davans. Nimewo 31-3: Yo pa kapab fòse pèsonn moun rantre nan okenn kalite asosiyasyon. PARAGRAF 6 CHAK MOUN GEN DWA JWENN BON JAN FÒMASYON AK BON KONESANS Nimewo 32: Leta dwe degaje l pou tout moun jwenn bon fòmasyon. Leta fèt pou li kontwole, si yo respekte dwa sa a. Se yon dwa tout moun genyen ni pou lespri yo an fòm, ni pou yo an fòm. Ni pou yo kapab aprann mache dwa, nan lavi a. Ni pou yo kapab aplrann byen viv, youn ak lòt. Ni pou yo kapab aprann travay nan avantaj peyi a. Ni pou yo kapab gen yon bon metye nan men yo. Nimewo 32-1: Bon fòmasyon pou tout sitwayen, sou kont Leta ak moun ki alatèt chak zòn peyi a. Se pou yo rive mete lekòl gratis pou tout moun. Se pou yo kontwole si moun k ap fè lekòl yo, alwotè, ni pou lekòl Leta, ni pou lekòl prive. Nimewo 32-2: Premye travay Leta, ak moun ki alatèt chak zòn peyi a, se fè yon jan pou tout moun rive al lekòl. Se sèl jan yo va kapab mete peyi a sou wout pwogrè vre. Tout moun ki vle bay konkou nan travay sa a, fèt pou yo jwenn ankourajman ak avantaj nan men Leta. Nimewo 32-3: Tout timoun dwe fè klas primè yo. Lalwa va di ki pinisyon yo prevwa lè sa pa fèt. Leta dwe bay elèv lekòl primè tout liv ak tou sa ki nesesè pou yo aprann, gratis. Nimewo 32-4: Moutre moun travay tè, moutre moun metye, moutre moun travay ansanm, ak bon jan teknik, se youn nan gwo wòl Leta ak moun ki ala tèt chak komin. Nimewo 32-5: Yo dwe ankouraje moun ki vle bay timoun fòmasyon, anvan y al lekòl. Gen fòmasyon yo kab bay nan lekòl timoun piti, oubyen san se pa nan lekòl. Nimewo 32-6: Tout moun ki gen kapasite pou sa, gen dwa rive fè gwo etid, apre etid segondè, san se pa favè ak moun pa ki fè yo rive jwenn sa. Nimewo 32-7: Se pou Leta kontwole si, nan chak zòn peyi a, si nan chak seksyon kominal, si nan chak komin, si nan chak depatman, gen de lekòl ki moutre, sa ki nesesè pou kote sa yo mache nan wout pwogrè tout bon. Men, sa Leta dwe degaje l gaye tout kote nan peyi a, se lekòl ki va: moutre travay tè, moutre moun metye, moutre moun travay ansanm, ak bon jan teknik. Nimewo 32-8: Leta dwe fè yon jan pou tout moun ki andikape rive jwenn fòmasyon, pou yo kapab mèt tèt yo, san yo pa sou kont moun. Menm jan tou, pou moun ki fò a lestwòdinè. Nimewo 32-9: Leta ak moun ki alatèt chak zòn peyi a dwe fè mwayen pousib yo, pou tout granmoun nan peyi a, rive konn li fen, e rive konn ekri fen. Yo va ankouraje tout lòt moun ki soti pou yo bay konkou pou sa. Nimewo 32-10: Lajan yon pwofesè dew touche kòm salè, pou pi piti, dwe sifi pou bezwen l. Nimewo 33: Lekòl pou tout degre konesans, dwe lib. Men, Leta gen pou li kontwole kouman yo sèvi ak dwa sa a. Nimewo 34: Sof lè uyo dèyè yon moun yo bare nan men, yo pa gen dwa rantre pran pèsonn moun anndan okenn lekòl. Okenn lapolis, okenn fòs Leta pa gen dwa rantre anndan yon lekòl, san se pa ak pèmisyon direksyon lekòl la. Nimewo 34-1: Regleman sa a, pa vo, lè se pa pou aktivite lekòl, yo sèvi ak lekòl sa a. PARAGRAF 7 NENPÒT KI MOUN GEN DWA TRAVAY LIB Nimewo 35: Nenpòt ki moun gen dwa travay lib. Tout sitwayen dwe nan yon travay ki nan gou yo yon jan pou yo kapab reskonsab ni tèt yo, ni fanmi yo. Yo dwe men, ansanm ak Leta, pou vin genyen yon sistèm ki va pèmèt moun ki nan bezwen, jwen èd nan men Leta. Nimewo 35-1: Tout anplwaye, kit se anplwaye Leta, kit se pa anplwaye Leta, fèt pou yo touche yon lajan ki kòrèk, kòm salè. Yo fèt pou yo gen rekreyasyon nan travay yo. Chak ane, yo fèt pou yo gen vakans peye, ak yon boni, kidon yon mwa salè an plis. Nimewo 35-2: Leta dwe kontwole si tout travayè travay nan menm bon kondisyon, ni pou pwoteksyon yo, ni pou lajan yo touche kòm salè, kit se fi, kit se gason, kit se moun marye, kit se moun ki pa marye. Kwayans yon moun ak sa li panse, pa gen anyen pou wè ak sa. Nimewo 35-3: Sendika gen dwa fèt lib. Nenpòt ki travayè, kit se nan travay prive, kit se nan travay Leta, gen dwa manm sendika k ap okipe travayè ki nan jan de travay sa a, depi se afè travay l ap okipe. Nimewo 35-4: Sendika pa gen dwa nan politik, Sendika pa la pou fè lajan. Sendika pa la pou afè relijyon. Yo pa kapab fòse pèsonn moun rantre nan sendika. Nimewo 35-5: Moun gen dwa fè grèv. Se lalwa ki di nan ki kondisyon. Nimewo 35-6: Lalwa fèt pou di ki laj yon moun dwe genyen poun li konmanse travay pou lajan. Travay timoun ki minè ak travay moun ki kay moun sou kont de lwa espesyal. PARAGRAF 8 MOUN GEN DWA GEN PWÒP BYEN PA YO Nimewo 36: Moun gen dwa gen pwòp byen pa yo. Leta fèt pou li pwoteje dwa sa a. Se lalwa ki deside ni nan ki kondisyon, moun gen dwa rive gen byen ki pou yo, ni nan ki dondisyon ak jis nan ki pwen, yo gen dwa sèvi avèk yo. Nimewo 36-1: Pou yo gen dwa pren pwopriyete yon moun, nan espwopriyasyon, fòk se pou yon kòz ki nan enterè pi fò moun nan peyi a. Fòk lajistis gen tan pye moun nan oubyen fòk lajistis gen tan mete yon lajan la, pou moun nan oubyen pou eritye moun nan, apre espesyalis fin fiske ki valè lajan yo fèt pou yo bay, pou pwopriyete Leta bezwen pran an. Se lemoman yo konmanse travay ki fè yo te pran pwopriyete yon moun nan espwopriyasyon, espwopriyasyon an konmanse vle di kichòy. Si Leta pa kenbe premye lide ki fè, yo te bezwen pran pwopriete a, demach pou pran pwoprieyete a, nan espwopriyasyon pa vo anyen ankò. Ni yo pa gen dwa mete pwopriyete a, a lavant. Se remèt pou yo remèt mèt pwopriyete a, afè l, san li pa gen anyen pou li tounen peye pou sa. Nimewo 36-2: Si se pou yon kòz politik, yo pa gen dwa mete byen, pwopriyete ak kay moun, sou non Leta Ni yo pa gen dwa wete yo nan men mèt yo. Anvan pou yo reire byen pa yon moun nan men l, fòk gen yon jijman ki fin fèt nèt, nan yon tribinal yo rele tribinal dwa komen, sòf si gen yon pwogram Leta pou separe tè bay abitan. Nimewo 36-3: Moun gen dwa gen pwòp byen pa yo, se vre. Men, yo fèt pou yo okipe yo. Ni yo pa gen dwa sèvi ak byen sa yo, kont enterè pi fò moun nan peyi a. Nimewo 36-4: Moun ki mèt yon tè, fèt pou l travay li, pou l fè bay rannman, pou li okipe l yon jan pou dlo pa bwote tè a ale. Lalwa prevwa pinisyon pou lè sa pa fèt. Nimewo 36-5: Pèsonn moun pa gen dwwa mèt bò lanmè, sous, rivyè, bouchi tèt dlo, ak richès ki anndan vant tè a (*3, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a). Tout kote sa yo, fèt pou itil tout Ayisyen. Se byen Leta. Nimewo 36-6: Lalwa regle nan ki kondisyon, moun va lib chèche konnen kouman pou yo fè richès ki anndan vant tè a, bay bon rannman. Lalwa regle nan ki kondisyon, moun va lib fè richès ki anndan vant tè a, bay bon rannman vre, kit min yo fon kit min yo pa fon anndan vant tè a. Lalwa regle ki avantaj ni moun k ap travay pou min sa yo bay bon rannman, ni Leta ki ba yo dwa fè travay sa a, dwe kapab jwenn. Nimewo 37: Lalwa regle nan ki kondisyon pwogram Leta pou separe tè bay abitan yo, dwe fèt, nan avantaj tout gwoup moun kote pwogram sa a ap mache, ni nan separe tè, ni nan kole bout tè ansanm. Nimewo 38: Lalwa la pou li pwoteje ni travay moun save fè, ni travay moun ki ekri liv fè, ni travay sanba ak atis fè. Nimewo 39: Premye moun ki fèt pou yo jwenn dwa travay tè Leta genyen, se moun ki rete nan seksyon kominal, kote tè sa yo ye. PARAGRAF 9 MOUN GEN DWA JWENN BON ENFÒMASYON Nimewo 40: Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a. Anwetan sa ki ta yon danje pou peyi a, Leta dwe bvay enfòmasyon sou lwa, sou dekrè ak sou regleman li mete deyò. Menm jan tou, pou antant, kontra, ak papye li syen ak lòt peyi. PARAGRAF 10 MOUN GEN DWA VIV AN PÈ, NAN PEYI A Nimewo 41: Yo pa gen dwa egzile okenn sitwayen Ayisyen. Ni yo pa gen dwa fòse okenn sitwayen Ayisyen kite peyi li, pou okenn kòz. Yo pa gen dwa fè yon Ayisyen pa Ayisyen ankò, pou yon kòz politik. Dwa lalwa ba li yo, yo pa gen dwa retire yo nan men l, pou yon kòz politik. Nimewo 41-1: Okenn Ayisyen pa bezwen viza ni pou soti nan peyi a, ni pou retounen. Nimewo 42: Yo pa gen dwa voye okenn sitwayen, kit li sivil, kit li militè, devan okenn lòt jij, pase jij ki la pou sa, dapre Konstitisyon an ak lalwa. Nimewo 42-1: Si yo akize yon militè kòmkwa li fè krim trayi peyi li, se tribinal yo rele tribinal dwa komen an, ki dwe jije militè sa a. Nimewo 42-2: Men ki kòz yon tribinal militè gen dwa jije ase: 1) Kòz militè ki fè kichòy kont sa ki nan mànyèl
jistis militè a. Nimewo 42-3: Se tribinal yo rele tribinal dwa komen, ki jije tout kòz ant sivil ak militè, lè se nan pye travay li yon militè fè yon zak kont yon sivil, tankou: abi, kraze zo, krim. Nimewo 43: Yo pa gen dwa rantre kay moun ni yo pa gen dwa pran papye moun, san se pa pou yon rezon lalwa prevwa, ak jan lalwa di sa dwe fèt. Nimewo 44: Prizonye ki ap tann jijman, pa fèt pou yo ansanm ak prizonye yo deja kondane. Nimewo 44-1: Moun ki nan prizon fèt pou yo jwenn menm respè lalwa mande pou tout kretyen vivan, nan jan yo dwe sèvi avèk yo a. Nimewo 45: Se lalwa sèlman ki gen dwa di ni ki pinisyon yo prevwa pou yon zak, ni nan ki ka ak nan ki kondisyon yo dwe aplike pinisyon sa. Nimewo 46: Lè gen krim, lè gen fòt, lè gen kontravansyon, yo pa kapab fòse yon moun sèvi temwen kont pwòp tèt pa li oubyen kont paran l, kit se fanmi pre (rive jis katriyèm degre), kit se fanmi paralyans (rive jis dezyèm degre). Nimewo 47: Yo pa gen dwa fòse pèsonn moun leve lamen, san se pa pou yon rezon lalwa prevwa ak jan lalwa di sa dwe fèt. Nimewo 48: Leta va fè yon jan pou yo mete yon kès pansyon ni pou moun ki nan plas Leta, ni pou moun ki pas nan plas Leta. Kès sa a ap fèt ak lajan ni patwon ni anplwaye va mete a kote pou sa, selon sa lalwa di sou sa. Lajan pansyon, se pa yon favè yo fè moun ki travay, se yon dwa yo genyen. Nimewo 49: Moun gen dwa ekri lèt lib, san pa gen kontwòl. Menm jan tout moun gen dwa kominike lib, jan yo vle, ak lòt moun san pa gen kontwòl. Se sèl lajistis ki ta gen dwa fè yon kontwòl, lè lalwa ba l pèmisyon pou sa, ak jan lalwa sa kapab fèt. Men, fòk lajistis bay bon rezon ki fè li deside pou sa fèt. Nimewo 50: Lè ap jije krim kote san koule ak lè y ap jije fòt pou kòz politik. Konstitisyon an ak lalwa di, fòk gen yon jiri (*4, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a) Nimewo 51: Yon lwa pa vo pou yon kòz yo ta jije anvan lwa sa a parèt, sòf si se yon lwa yo rele lwa penal, e ki ta an favè moun yo akize a. CHAPIT 3 KI SA YON SITWAYEN DWE FÈ Nimewo 52: Lè yon moun sitwayen tout bon, li o sèvis peyi li. Chak dwa li genyen, mare ak kichòy li dwe fè, pou l pwoteje dwa sa a. Nimewo 52-1: Yon sitwayen tout bon, degaje l tout jan, pou li toujou fè tou sa li dwe fè pou Leta ak pou pèp li, ni nan jan li kondui tèt li, ni nan sèvis peyi l, ni nan jan li sèvi ak lòt moun nan peyi a, ni nan koze lajan. Men ki sa yon sitwayien tout bon dwe fè: a) Li dwe respekte Konstitisyon an ak drapo peyi a. Nimewo 52-2: Lè yon sitwayen pa fè sa l dwe fè, lalwa gen dwa pini l. Nimewo 52-3: Fi ak gason oblije pase nan yon pwogram sèvis peyi a. Lalwa regle nan ki kondisyon pwogram sa a mache. |
TITRE III DU CITOYEN
CHAPITRE I
Article 16: Article 16.1: Article 16.2: Article 17: Article 18: CHAPITRE II
SECTION A
Article 19: Article 20: Article 21: Article 21.1: Article 22: Article 23: SECTION B
Article 24: Article 24.1: Article 24.2: Article 24.3: Article 25: Article 25.1: Article 26: Article 26.1: En cas de délit ou de crime, le prévenu peut, sans permission préalable et sur simple mémoire, se pourvoir devant le doyen du tribunal de première instance du ressort qui, sur les conclusions du Ministère Public, statue à l'extraordinaire, audience tenante, sans remise ni tour de rôle, toutes affaires cessantes sur la légalité de l'arrestation et de la détention. Article 26.2: Article 27: Article 27.1: SECTION C
Article 28: Article 28.1: Article 28.2: Article 28.3: Article 29: Article 29.1: SECTION D Article 30: Article 30.1: Article 30.2: SECTION E Article 31: Article 31.1: Article 31.2: Article 31.3: SECTION F Article 32: Article 32.1: Article 32.2: Article 32.3: Article 32.4: Article 32.5: Article 32.6: Article 32.7: Article 32.8: Article 32.9: Article 32.10: Article 33: Article 34: Article 34.1: SECTION G Article 35: Article 35.1: Article 35.2: Article 35.3: Article 35.4: Article 35.5: Article 35.6: SECTION H Article 36: Article 36.1: Si le projet initial est abandonné, l'expropriation est annulée et l'immeuble ne pouvant être l'objet d'aucune autre spéculation, doit être restitué à son propriétaire originaire, sans aucun remboursement pour le petit propriétaire. La mesure d'expropriation est effective à partir de la mise en oeuvre du projet. Article 36.2: Nul ne peut être privé de son droit légitime de propriété qu'en vertu d'un jugement rendu par un Tribunal de droit commun passé en force de chose souverainement jugée, sauf dans le cadre d'une réforme agraire. Article 36.3: Article 36.4: Article 36.5: Article 36.6: Article 37: Article 38: Article 39: SECTION I Article 40: SECTION J Article 41: Nul ne peut être privé pour des motifs politiques de sa capacité juridique et de sa nationalité. Article 41.1: Article 42: Article 42.1: Article 42.2: Article 42.3: Article 43: Article 44: Article 44.1: Article 45: Article 46: Article 47: Article 48: Article 49: Article 50: Article 51: CHAPITRE III Article 52: Article 52.1: a) respecter la constitution et l'emblème
national; Article 52.2: Article 52.3: |